Kisa kominikasyon an ye?



Jodiya mw vinn pale ak nou de yon mo ke nou itilize souvan, de yon mo  kouran, yon mo ke nou fè souvan nan aksyon. Mo a se: "kominikasyon". Mw pral di nou kisa li ye, ban nou diferans tip kominikasyon ki genyen, di nou poukisa nou kominike, e ki enpòtans li nan mond profesyonèl la oubyen nan mond dafè.
Kisa  kominikasyon an ye?
Kominikasyon an se antre an relasyon avèk yon moun oubyen yon bagay. Se fè yon moun konnen yon bagay.  Li se pataj ide, santiman, enfòmasyon, mesaj, konesans ou genyen, ant 2 entèlokitè kote youn ap tann repons de lòt.
Ki diferan tip kominikasyon ki genyen?
Nou genyen 4 tip kominikasyon.
1)kominikasyon entèpèsonèl
Se kominikasyon dirèk ant 2 moun : "yon emetè ki se moun kap bay oubyen voye mesaj la e yon reseptè ki se moun kap resevwa mesaj la". Dayè tip kominikasyon sa mande pou gen enteraksyon chak lè,  dekwa pou konvèzasyon an dire, pa egzanp yon antretyen se kominikasyon entèpèsonèl li ye.
2)kominikasyon entrapèsonèl
Kominikasyon entrapèsonèl la fèt avèk pwòp tèt ou. Sa ka parèt etonan pou ou kote wap mande eske ou kominike avèk tèt ou?mw menm map reponn map di nou wi ou kominike avèk tèt ou. Pran pa egzanp fason ou wè tèt ou, fason ou konnen tèt ou se kominikasyon li ye.
3)kominikasyon de gwoup
Kominikasyon sa a se lè ou gen yon emetè kap bay yon mesaj ak yon gwoup ke li sible. Gwoup sa lè sa a se li ki reseptè a. pa egzanp nou genyen yon piblisite, seminè, reynyon, kominikasyon intèn nan youn nan depatman nan antrepriz la, etc.
4)kominikasyon de mas
Kominikasyon sa li menm se lè emetè a (moun kap bay mesaj la) ap voye yon mesaj bay yon piblik. Tip kominikasyon sa pa bezwen poul toujou genyen yon feetback. Pa egzanp nap pran yon avi, yon konferans de près, diskou yon prezidan.
Mw tap fè yon gwo erè si mw ta pale nou de tout tip kominikasyon sa yo san mw pa pale nou de kominikasyon vèbal ak kominikasyon non vèbal.
Kisa yo ye?
Kominikasyon vèbal la se sa ou fè a travè yon diskisyon, tout sa ki exprime pa yon langaj. Andann kominikasyon sa wap jwenn kominikasyon oral ak ekri ladann.
Kominikasyon oral
Depi ou tande oubyen ou wè oral touswit wap wè li gen rapò ak la pawòl ki donk sa ki karakterize li se pawòl, lang e langaj. Sèl enkonvenyan ou ka twouve ladann se tras ou pap jwenn aprè yon konvèzasyon. Egzanp : patisipe nan reynyon, apèl telefòn, antretyen, wap akeyi yon kliyan, nap deba, diskisyon etc.
Kominikasyon ekri
Kominikasyon ekri a li men se nòt, se ekri, ann pran egzanp :nòt de sèvis, kourye, kontrandi, pwosè vèbal, konvokasyon, etc. Kominikasyon sa a fyab paske ou kapab jwenn tras aprè diskisyon ou konvèzasyon. Sou plan jiridik li se prèv lè gen yon konfli oubyen yon malantandi.
Kominikasyon non vèbal
Kominikasyon non vèbal la se tout sa ki kapab enfòmasyon nan langaj vèbal la. Yo rele li ankò "kominikasyon paralangaj" pa egzanp : ekspresyon vizaj yo (souri, rega, sign atansyon yo, etonman yo....)
Jès yo: (chak jès ou fè voye yon mesaj).
Posti yo:(fason ou chita sou yon chèz kapab bay yon enpresyon ke ou timide).
Teni vestimantè:( chwa yon rad, oubyen yon rad ou mete kapab di Kijan de moun ou ye.)
Poukisa ou kominike e ki enpòtans li nan mond profesyonèl la oubyen nan mond dafè a?
Mw kapab di nou kominike pou plizyè rezon:
1)pou nou dekouvri e aprann kiyès ou ye.
2)pou nou konnen moun ki antoure nou yo.
3) pou nou fè konnen mak nou yo, pwodwi nou yo, notoryete nou e fonksyon nou.
4)pou valorize nou, valorize antrepriz nou. 
5)pou ogmante demand yo e pou nou fè plis pwofi. 
6)pou gen koperasyon ant nou menm e lot moun. 
yon extrè de kominikasyon. 



Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog