Kisa kominikasyon an ye?

Jodiya mw vinn pale ak nou de yon mo ke nou itilize souvan, de yon mo kouran, yon mo ke nou fè souvan nan aksyon. Mo a se: " kominikasyon " . Mw pral di nou kisa li ye, ban nou diferans tip kominikasyon ki genyen, di nou poukisa nou kominike, e ki enpòtans li nan mond profesyonèl la oubyen nan mond dafè. Ki sa kominikasyon an ye ? Kominikasyon an se antre an relasyon avèk yon moun oubyen yon bagay. Se fè yon moun konnen yon bagay. Li se pataj ide, santiman, enfòmasyon, mesaj, konesans ou genyen, ant 2 entèlokitè kote youn ap tann repons de lòt. Ki diferan tip kominikasyon ki genyen ? Nou genyen 4 tip kominikasyon. 1) kominikasyon entèpèsonèl Se kominikasyon dirèk ant 2 moun : "yon emetè ki se moun kap bay oubyen voye mesaj la e yon reseptè ki se moun kap resevwa mesaj la". Dayè tip kominikasyon sa mande pou gen enteraksyon chak lè, dekwa pou konvèzasyon an dire, pa egzanp yon antretyen se kominikasyon entèpèsonèl li ye. 2) komin...